Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.
Mak 9:29 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi reponn yo: “Kalite lespri sa yo se sèlman ak lapriyè ou ka chase yo.” 1998 Haïtienne Li di yo: — Se lapriyè sèlman ki ka chase kalite lespri sa a. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te di yo: “Kalite sila a p ap kab sòti pa anyen, sof ke lapriyè.” |
Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.
Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.”
Apre Jezi te ale lakay la. Lè disip yo te poukont yo ak li, yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”
Apre sa, Jezi ak disip li yo kite kote yo te ye a, yo t ap vwayaje nan Galile, li pa t vle moun konnen ki kote yo te ye.
Lè sa a li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan.
Pòl ak Banabas chwazi moun ki pou sèvi kòm lidè nan chak legliz yo. Apre yo fin pase yon tan ap fè jèn epi priye pou lidè sa yo, yo remèt yo nan men Senyè a yo te mete konfyans nan li a.
Wi, mwen trete kò m di pou m ka kenbe l anba bon jan kontwòl. Mwen pa vle ap mache di moun jan pou yo kalifye pou pri a epi mwen menm pou m diskalifye.
Mwen fè travay di epi fatigan. Mwen fè plizyè nuit san dòmi. Mwen te grangou, mwen te swaf. Plizyè fwa mwen pa jwenn manje pou m manje. Mwen santi fredi san m pa gen rad pou m mete.
Nou pran baton, nou pran prizon, lapopilas atake nou. Nou sipòte tout kalite fatig, nou pase nuit san somèy, nou sibi grangou.
Pandan n ap fè tout bagay sa yo, pa janm sispann priye Bondye. Priye nan tout sitiyasyon jan Lespri Bondye dirije nou. Fè tout kalite priyè, epi mande tout sa nou bezwen. Pou nou rive fè sa, fòk nou toujou pare. Pa janm sispann priye pou tout pèp Bondye a.
Si priyè sa a fèt avèk lafwa, malad la ap sove. Senyè a ap geri malad la. Epi si l te fè yon peche, Bondye ap padone l.