Mak 8:30 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi di disip li yo pou yo pa di okenn moun kilès li ye. 1998 Haïtienne Lè sa a, Jezi ba yo lòd byen sevè pou yo pa di pèsonn sa. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn anyen sou Li menm. |
Apre sa, Jezi di nonm nan: “Pa di pèsonn sa k pase a. Men, al fè sakrifikatè a egzamine w, epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va konnen ou geri.”
Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a.
Pandan Jezi ak disip yo t ap desann mòn nan, li di yo pou yo pa di pèsonn moun sa yo sot wè a jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.