Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten.
Mak 7:27 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi di madanm nan: “Avan tout bagay, fòk ti moun yo manje anvan, li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen.” 1998 Haïtienne Men Jezi di li konsa: — Kite vant timoun yo fin plen anvan non. Paske li pa bon pou wete manje nan bouch timoun pou bay ti chen. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jésus te di li: “Kite zanfan yo satisfè avan, paske li pa bon pou pran pen timoun yo pou jete l bay chen.” |
Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten.
Pa voye bagay sakre devan chyen. Y ap vole sou ou epi dechire w. Pa voye bijou ki gen valè devan kochon. Sèl sa l konn pou l fè avè l se pilonnen l nan labou.
Madanm nan pa t Jwif, li se moun Fenisi nan peyi Siri. Li mande Jezi chase demon an sou piti l la.
Men fi a reponn, li di: “Senyè, men chyen yo ki anba tab la konn manje ti moso manje ti moun yo kite tonbe atè.”
M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo.
Sonje byen. Nan tan pase, nou t ap viv san Kris. Nou te tankou etranje ki pa t gen menm dwa ak sitwayen nan pèp Izrayèl la epi tou nou pa t moun ki te gen anyen pou wè ak alyans Bondye te fè ak pèp Izrayèl la, dapre pwomès li te fè yo. Nou pa t gen okenn espwa epi nou pa t konnen Bondye non plis.