Yo mande Jezi: “Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo? Yo pa lave men yo anvan yo manje!”
Mak 7:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yo wè kèk nan disip Jezi yo ki t ap manje san yo pa lave men yo, sa vle di men yo pa t lave nan fason Jwif yo te konn abitye fè sa. 1998 Haïtienne Yo wè te gen nan disip li yo ki t'ap manje ak men yo tou sal, san lave yo. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè yo te wè ke kèk nan disip Li yo t ap manje pen avèk men enpi, sa vle di, san lave, |
Yo mande Jezi: “Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo? Yo pa lave men yo anvan yo manje!”
Farizyen yo ak direktè Lalwa yo mande Jezi: Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo, okontrè y ap manje ak men yo san lave?”
Pyè di yo: “Nou konnen li kont lalwa pou yon Jwif ni asosye l ak moun ki pa Jwif ni antre lakay yo. Men, Bondye fè m konprann mwen pa gen dwa gade pèsonn kòm moun ki enpi osinon kòm moun ki pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye.
Men mwen reponn: M pa ka fè sa, Senyè. M pa janm manje anyen ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje m gen dwa manje.
M konnen epi m sèten, nan Jezi Senyè a, pa gen manje ki pa pwòp pou manje. Men si yon moun panse yon bagay pa bon, li vin pa bon pou li.
Alò, reflechi pou nou wè ki gwo pinisyon ki rezève pou moun ki meprize Pitit Bondye a, moun ki montre yo pa gen okenn respè pou san sakrifis ki te kòmanse nouvo kontra a epi ki te rann nou pwòp la, oubyen moun ki pale Sentespri ki fè nou gras la mal.
P ap gen anyen ki pa pwòp k ap antre nan vil la. Moun k ap fè vye bagay sal, moun k ap bay manti, pa gen youn k ap antre ladan i. Se sèlman moun ki te enskri nan liv lavi Ti Mouton an k ap antre nan vil la.