Mak 6:54 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè yo desann bato a, moun ki te la yo rekonèt Jezi. 1998 Haïtienne Kou yo sòti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo. |
Yo kouri gaye nouvèl la nan tout kay kote moun yo rete nan zòn nan. Tout kote Jezi ale, moun yo chaye malad yo kouche sou nat pote ba li.
Tou sa mwen vle, se konnen Kris la epi rive fè esperyans kalite pouvwa ki fè l resisite a. Mwen ta vle patisipe nan soufrans li epi rive sanble ak li menm nan lanmò li.