Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a.
Mak 6:35 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. 1998 Haïtienne Lè li te konmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè li te deja byen ta, disip Li yo te vin kote Li. Yo te di: “Plas sa a byen izole, e li deja fin byen ta. |
Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a.
Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l fè l mal anpil pou moun yo, paske yo te tankou yon mouton ki pa gen bèje. Konsa, li kòmanse anseye pèp la anpil bagay.