Sa te fè Ewòd tris anpil. Men, poutèt pwomès li te fè devan tout envite yo, li te oblije kenbe mo l.
Mak 6:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Ewòd te vin tris anpil, men poutèt pwomès li te fè a, devan tout envite l yo, li pa t vle pa aksepte. 1998 Haïtienne Kè wa a kase. Men, li pat kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Malgre ke Wa a te byen tris akoz sèman an, men akoz vizitè li yo, li pa t gen kouraj pou l refize l. |
Sa te fè Ewòd tris anpil. Men, poutèt pwomès li te fè devan tout envite yo, li te oblije kenbe mo l.
Tousuit apre sa, ti demwazèl la kouri retounen kote wa Ewòd. Li di l: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.”
Imedyatman, li voye yon sòlda pou koupe tèt Jan epi pote l vini. Sòlda a ale nan prizon an, li koupe tèt Jan.