Tout bagay ki kache gen pou parèt aklè. Tout bagay ki te fèt ankachèt gen pou devwale, epi tout moun gen pou wè yo.
Mak 4:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Paske pa gen anyen ki kache yo p ap dekouvri, epi pa gen anyen ki sekrè ki p ap devwale. 1998 Haïtienne Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale yon jou. Konsa tou, nanpwen sekrè ki p'ap parèt aklè yon lè. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske anyen pa kache, sof ke pou revele, ni anyen pa an sekrè, sof ke pou parèt nan limyè. |
Tout bagay ki kache gen pou parèt aklè. Tout bagay ki te fèt ankachèt gen pou devwale, epi tout moun gen pou wè yo.
M kapab di sa, paske mwen te anonse nou tout verite Bondye te vle m fè nou konnen, san m pa kache nou anyen.
Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.