Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 16:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Apre sa, Jezi parèt sou yon lòt fòm devan de nan disip li yo ki t apral andeyò.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre sa, Jezi te parèt yon lòt jan ankò devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyò.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò.

Gade chapit la



Mak 16:12
6 Referans Kwoze  

Nan pita, li parèt devan onz apot yo pandan yo t ap manje. Li repwoche yo poutèt yo te refize kwè. Tèt yo te di epi yo refize kwè moun ki te di yo Jezi te resisite.


Etan Jezi t ap priye konsa, figi l chanje. Se kòmsi li vin gen yon lòt vizaj, rad sou li menm vin tou blan epi l ap briye.


Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile a. Men kijan sa te pase:


Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.


Li te parèt byen vivan devan moun li te chwazi yo apre l te fin mouri. Pandan karant (40) jou, li te ba yo anpil prèv pou montre li vivan toutbonvre epi li te di yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a tou.