Mak 16:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè yo tande Jezi vivan epi Mari te wè l, disip yo te refize kwè sa. 1998 Haïtienne Men, yo pat vle kwè Mari, lè l te di yo: — Jezi vivan, mwen wè l ak de je mwen. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, yo te refize kwè sa. |
Jezi reponn yo: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a ban mwen!”
Men, apot yo te pran sa medam yo t ap di yo a pou pawòl ki pa gen sans. Yo pa t vle kwè medam yo.
Disip yo te sezi epi yo te kontan pou wè Jezi. Men, malgre sa, Jezi te wè yo pa t ka kwè toujou, li di yo: “Èske nou gen manje la a?”
Lòt disip yo di l: “Nou wè Senyè a wi!” Men li reponn yo: “Si m pa wè mak klou yo nan men l, si m pa mete men m bò kòt li epi nan mak klou yo, m p ap kwè!”