Mak 15:37 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Apre sa, Jezi pouse yon gwo, epi li mouri. 1998 Haïtienne Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li. |
Yon nonm kouri al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl bwa epi li lonje l bay Jezi pou l bwè. Epi li di: “Tann! Ann gade si Eli ap vin desann li sou kwa a.”
Jezi kriye byen fò, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.” Fini l fin di sa a, li rann dènye souf li.
Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li.
Pandan lavi Jezi sou latè li te priye Bondye, li te mande èd nan men sila ki te ka sove l anba lanmò. Li te priye ak gwo rèl ak dlo nan je. Bondye te reponn priyè li poutèt krentif li te gen pou Bondye.