Mak 15:34 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil A twazè, Jezi rele byen fò: “Eloyi, Eloyi, lama sabaktani.” Sa te vle di: “Bondye m, Bondye m, poukisa ou abandone m?” 1998 Haïtienne Vè twazè, Jezi rele byen fò: — Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?) Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?” |
Vè twazè, Jezi pouse yon gwo kri: “Eli, Eli, lema sabaktani!” Sa vle di: “Bondye m, Bondye m, pou kisa ou abandone m?”
Kèk nan moun ki te la yo te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Tande, men l ap rele Eli.”
Jezi kriye byen fò, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.” Fini l fin di sa a, li rann dènye souf li.
Yon apremidi, li te bò twazè konsa, Kònèy fè yon vizyon. Jeklè konsa, li wè yon anj Bondye vin bò kote l epi anj lan di l: “Kònèy!”
Pandan lavi Jezi sou latè li te priye Bondye, li te mande èd nan men sila ki te ka sove l anba lanmò. Li te priye ak gwo rèl ak dlo nan je. Bondye te reponn priyè li poutèt krentif li te gen pou Bondye.