Mak 14:29 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè sa a Pyè di l: “Menmsi tout lòt moun yo kouri, mwen m p ap janm kouri kite.” 1998 Haïtienne Pyè di li: — Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fè sa. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men Pierre te di Li: “Menm si tout moun chite; mwen menm, m p ap fè sa.” |
Alò Jezi di li: “Anverite, m ap di w sa, aswè a menm, anvan menm kòk chante de fwa, ou ap di ou pa konnen m pandan twa fwa.”
Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen m plis pase moun sa yo?” Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.” Lè sa a, Jezi di l: “Pran swen mouton m yo.”