Mak 14:27 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Apre sa Jezi di disip yo: “Nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a epi mouton yo ap gaye toupatou. 1998 Haïtienne Jezi di disip li yo: — Nou tout, nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Paske men sa ki ekri: - M'ap frape gadò mouton yo, epi tout mouton yo pral gaye. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jésus te di yo: “Akoz Mwen menm, nou tout va fè lachit aswe a; paske sa ekri: ‘Mwen va frape bèje atè a, e mouton yo va gaye’. |
Apre sa Jezi di disip yo: “Aswè a nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a, epi mouton yo ap gaye toupatou.
Gen yon jou k ap vini, epi se jodi a menm, nou gen pou n gaye, chak moun apral lakay yo, epi n ap kite m poukont mwen. Men, mwen pa sèl, paske Papa a avè m.
Lè m t ap defann mwen pou premye fwa a, pèsòn pa t ede m. Tout moun vire do ban mwen. Mwen priye pou Bondye pa pran sa pou anyen.