Men Jezi te konnen ki plan Farizyen yo te gen pou li. Konsa li kite zòn nan ak yon foul moun ki t ap swiv li. Li geri tout malad ki te la.
Mak 12:34 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè Jezi wè li reponn ak sajès, li di l konsa: “Ou pa twò lwen wayòm Bondye a.” Apre sa, pa t gen direktè Lalwa ki te brav ase pou oze poze l kesyon ankò. 1998 Haïtienne Jezi wè nonm lan te fè l yon repons moun ki gen konprann, lè sa a li di li: — Ou menm, ou pa lwen peyi kote Bondye Wa a non. Apre sa, pèsonn pat gen odas poze l kèsyon ankò. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”. Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon. |
Men Jezi te konnen ki plan Farizyen yo te gen pou li. Konsa li kite zòn nan ak yon foul moun ki t ap swiv li. Li geri tout malad ki te la.
Li p ap kraze menm yon pye zèb. Li p ap etenn menm lanp ki prèske mouri. L ap kenbe fèm jouktan lajistis gen viktwa.
Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.
Anvan Lalwa te egziste, mwen te vivan. Men, lè kòmannman an vini, se peche ki vin vivan.
Paske, pa mwayen lalwa, mwen mouri kanta lalwa, poutèt pou m ka viv pou Bondye. Mwen te mouri sou kwa a ansanm ak Kris.
Lè n ap pale avèk yo, se pou pawòl nou yo toujou gen gras pou moun, pou n ka atire yo. Nou konnen kijan li enpòtan pou nou toujou pare pou n bay tout moun yon repons ki apwopriye.