Lè sa a Jezi di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou?
Mak 12:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Nou pa li sa ki ekri nan Bib la: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la. 1998 Haïtienne Eske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li l deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske nou pa t menm li Ekriti sila a?: ‘Wòch ke moun ki t ap bati yo te refize a; sila a te devni wòch ang prensipal la. |
Lè sa a Jezi di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou?
Jezi reponn yo: “Èske Bib la pa di lè Bondye t ap kreye lemonn se yon gason ak yon fi l te kreye?
“Èske w tande sa timoun yo ap di la a?” Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di: Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou yo fè louanj ou. Èske w pa li sa nan Bib la?”
Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la. Se Bondye ki te fè sa! Se yon mèvèy pou nou wè sa!
Pou sa ki konsène mò k ap leve yo, nou pa li sa ki ekri nan liv Moyiz la, nan pasaj touf bwa ki te pran dife san l pa boule a! Se la Bondye di: mwen se Bondye Abraram nan, Bondye izaak la ak Bondye Jakòb la.
Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? L ap bay lòt moun jaden an.
Lè nou wè bagay ki tèrib la, sila a k ap detwi tout bagay la, tabli nan plas ki pa fèt pou li a, nou menm k ap li, nou menm k ap li, se pou n byen pran sans sa n ap li a. Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo.
Jezi reponn yo: “Èske nou pa li kisa David te fè, lè li menm ak moun ki te avèk li yo te grangou, yo te bezwen manje?
Jezi reponn yo, li di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou?
Se sa Bondye di nan Pawòl li: “Men m mete yon wòch nan Siyon ki fè moun fè bitay. Se yon karyann k ap fè moun tonbe. Men, nenpòt moun ki fè l konfyans p ap wont.”