Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a.
Mak 11:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Anpil moun te tann rad yo sou wout la. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete sou wout la. 1998 Haïtienne Anpil moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa, yo tann yo atè nan chemen an tou. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap poze branch fèy yo te koupe nan chan sou wout la. |
Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a.
Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di: “Louwanj pou Sovè a! Benediksyon pou sila ki vini nan non Senyè a!