Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 11:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m? Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: — Men sa ki ekri, pa vre: Y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlò.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo: “Èske li pa ekri: ‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”

Gade chapit la



Mak 11:17
9 Referans Kwoze  

Li pa t pèmèt pèsonn moun pote anyen nan tanp lan.


Li di yo: “Men sa Bib la di: Tanp mwen an fèt pou l yon kote moun vin lapriyè Bondye. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”


Li jwenn nan tanp lan yon bann moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon. Li jwenn lòt moun ki te chita bò tab yo ap chanje lajan tou.


Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.”