Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf k ap kòmande nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo.
Mak 10:43 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. 1998 Haïtienne Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou. |
Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf k ap kòmande nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo.
Jezi chita, li rele douz disip yo epi li di yo: “Nenpòt moun ki vle premye se dènye pou li ye, epi li dwe sèvi tout moun.”
Paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.”
M ap di nou sa: Lè pèseptè kontribisyon an fin priye, li tounen lakay li jis devan Bondye. Kanta pou Farizyen an, Bondye pa tande priyè li, paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.”
Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, se pou sa k gen gwo otorite a konpòte l tankou sa k mwen enpòtan an, moun ki jwe wòl lidè a jwe wòl sèvitè a.
Apre sa li di yo: “Nenpòt moun ki resevwa ti moun sa a nan non mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m nan. Paske moun ki pi piti nan pami nou an, se li menm ki pi gran.”
Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”
Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.
Frè m ak sè m yo, Bondye rele nou pou nou ka viv tankou moun ki lib. Sèlman, se pa pou nou kite libète sa a sèvi pretèks pou nou viv nan dezòd. Okontrè, nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se esklav lòt.