Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”
Mak 1:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Nan epòk Jan t ap batize moun nan, Jezi sot Nazarèt, yon ti vil ki nan rejyon Galile, epi Jan te batize l tou nan rivyè Jouden an. 1998 Haïtienne Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan Galile. Jan batize li larivyè Jouden an. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan jou sa yo, Jésus te sòti Nazareth nan Galilée, e te batize pa Jean nan Jourdain an. |
Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”
Tousuit apre l te soti nan dlo a, Jezi wè syèl la fann an de epi Sentespri Bondye desann sou li tankou yon pijon.
Jezi te desann ansanm ak yo ale Nazarèt epi li te obeyi yo. Manman li te sere tout bagay sa yo nan kè li.
Yon moun ki te ak nou depi lè Janbatis t ap batize moun nan, jouk rive lè Jezi te kite nou li monte nan syèl la. Fòk li se yon temwen rezireksyon Kris la tou, pou l vin met tèt ansanm avèk nou menm apot yo.