Jonas reponn maren yo: “Mwen sèten se mwen menm ki rale malè sa a sou nou, paske sa m fè a pa bon. Pran m, lage m nan lanmè a, epi lanmè a ap kalme.”
Jonas 1:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Olye yo fè sa Jonas te di a, yo te pito eseye ap fè lòt mannèv pou mennen bato a atè. Tanpèt la te kontinye vin pi fò. Epi lanmè a te vin pi move. 1998 Haïtienne Maren yo menm t'ap naje zaviwon pou wè si yo ta mennen batiman an ale atè. Men, yo pat kapab, lanmè a t'ap vin pi move toujou. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sepandan, mesye yo te bouje zaviwon yo fò pou yo ta ka rive atè, men yo pa t kapab, paske lanmè te vin pi move kont yo. |
Jonas reponn maren yo: “Mwen sèten se mwen menm ki rale malè sa a sou nou, paske sa m fè a pa bon. Pran m, lage m nan lanmè a, epi lanmè a ap kalme.”
Lè sa a, maren yo priye SENYÈ a konsa: “SENYÈ, tanpri, pa ban nou pote chay lanmò yon nonm inosan. Tanpri, pa touye nou poutèt lanmò nonm sa a. Nou konnen ou se SENYÈ ki fè sa ou vle.”