Nenpòt moun ki bay youn nan pi piti pami disip mwen yo yon vè dlo frèt, li p ap janm pèdi l.”
Jan 4:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yon fanm samaritèn te vin chache dlo nan pi a, epi Jezi di l konsa: “Ban m ti gout dlo.” 1998 Haïtienne Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l konsa: — Tanpri, ban m ti gout dlo pou m bwè. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a. Jésus te di l: “Ban M bwè”. |
Nenpòt moun ki bay youn nan pi piti pami disip mwen yo yon vè dlo frèt, li p ap janm pèdi l.”
Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.”
Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”
Se la pi Jakòb te fè fouye a te ye. Jezi te fatige poutèt wout long sa a li sot fè a, li fè yon ti chita bò kote pi a. Li te bò midi konsa.
Sa te pase pandan disip Jezi yo te antre nan vil la pou achte kèk bagay pou yo manje.