Simon reponn, li di: “Mèt, nou gentan travay pandan tout nuit la deja, nou pa pran anyen. Men, poutèt se ou menm ki di jete filè a, m ap jete l.”
Jan 21:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.” Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen. 1998 Haïtienne Simon Pyè di: — Mwen pral lapèch. Yo di li: — Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pat pran anyen. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.” Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e nwit sa a, yo pa t kenbe anyen. |
Simon reponn, li di: “Mèt, nou gentan travay pandan tout nuit la deja, nou pa pran anyen. Men, poutèt se ou menm ki di jete filè a, m ap jete l.”
Kòm Prisil ak Akilas se tant yo te konn fè, menm jan ak Pòl, Pòl tou rete ansanm avèk yo epi li travay ansanm avèk yo.
Nou konnen trè byen se men sa yo nou wè la a ki te konn travay pou fè pwovizyon ni pou mwen, ni pou kòlèg mwen yo nan ministè a.
Moun ki plante pa anyen. Moun ki wouze a pa anyen nonplis. Se Bondye ki enpòtan paske se li ki fè plant la grandi.
Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.