Men sa ki ekri sou li nan Bib la: Men m ap voye mesaje m nan devan w. L ap prepare chemen an devan w.
Jan 1:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. 1998 Haïtienne Bondye te voye yon nonm ki te rele Jan. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. |
Men sa ki ekri sou li nan Bib la: Men m ap voye mesaje m nan devan w. L ap prepare chemen an devan w.
Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?” Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a?
Lè sa a, anj lan di li: Zakari, ou pa bezwen pè, paske Bondye tande priyè w, epi madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason. Ou a rele ti gason sa a Jan.
Kanta pou ou menm, ti gason, y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la. Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.
Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a.
Nou menm, nou ka sèvi m temwen, m te di se pa mwen ki Kris la. Men, Bondye voye m prepare chemen pou Kris la.
Anvan menm Jezi te vini, Janbatis te pwoklame yon mesaj pou fè pèp la konnen sa pou yo fè. Li di tout pèp Iszrayèl la pou yo batize pou yo ka montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre.