Nenpòt moun ki resevwa w, se mwen menm yo resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m resevwa sila a ki voye m nan.
Jan 1:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men, tout moun ki resevwa Pawòl la, epi ki kwè nan li, li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye. 1998 Haïtienne Men, moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, |
Nenpòt moun ki resevwa w, se mwen menm yo resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m resevwa sila a ki voye m nan.
Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a nan non mwen, se mwen menm li resevwa.
Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li.
Epi se pa t pou nasyon Jwif la sèlman, men pou l te kapab gwoupe tout pitit Bondye yo toupatou sou latè ansanm kòm yon sèl fanmi tou.
Pandan Jezi te lavil Jerizalèm, nan fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li, paske yo te wè mirak li t ap fè yo.
Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.
Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a.
Se lafwa nan Jezi ki fè nonm sa a nou wè la a, nonm nou tout konnen ki te paralize a, jwenn gerizon. Se lafwa nan Jezi ki fè l geri nèt kon sa a epi l ap mache devan je nou tout.
Tout sa Bondye te kreye yo ap tann ak pasyans ki lè Bondye va devwale moun ki pitit li yo toutbon.
Sa k fè m di sa a, se paske nou tout nou se pitit Bondye pa mwayen lafwa nou mete nan Jezikris.
Poutèt kounye a nou se pitit Bondye, Bondye voye Lespri Pitit li nan kè nou. Lespri sa a rele Bondye, “Abba, Papa.”
Konsa, poutèt nou te aksepte Jezikris kòm Senyè nou, kontinye viv nan kominyon avè l.
Konsa, Bondye fè n anpil gwo pwomès ki gen anpil valè. Pwomès sa yo ede n kite tout vye kòripsyon ki nan lemonn, pou n vin patisipe nan nati Bondye li menm.
Gade kijan Papa a renmen nou: Li rele nou pitit Bondye. Epi, se sa nou ye vre. Men, moun ki nan mond lan pa konnen nou, paske yo pa konnen Bondye.
Men sa ki distenge pitit Bondye yo ak pitit satan yo: Nenpòt moun ki pa pratike sa ki dwat epi ki pa renmen frè l ak sè l, li pa soti nan Bondye.
Zanmi m yo, depi kounye a, nou se pitit Bondye. Epi sa nou va ye a pa ko parèt aklè. Nou konnen lè Kris tounen, nou va sanble ak li, paske nou va wè l jan li ye a.
Men sa Bondye bay lòd pou n fè: Se pou n kwè nan Pitit li a, Jezikris, epi se pou n renmen youn lòt, jan Kris la ban nou lòd pou n fè sa.