Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.
Jan 1:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men Pawòl la te nan mond lan deja, se ak Pawòl la menm mond lan te kreye. Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la. 1998 Haïtienne Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn. Men, moun ki nan lemonn pat rekonèt li. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. |
Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.
Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.
Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen.
Men Bondye te toujou la ap fè anpil bon bagay pou montre li reyèl. Li ban nou lapli ki sot nan syèl la ansanm ak bon rekòt selon sezon yo. Li ban manje an kantite epi li ranpli kè nou ak lajwa.
Wi, sajès lèzòm pa gen kapasite pou rekonèt sajès Bondye. Se poutèt sa nan sajès li Bondye deside sèvi ak yon mesaj ki parèt san sans pou l sove tout moun ki kwè.
Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a.
pou nou menm gen yon sèl Bondye. Se Bondye Papa a. Se li menm ki kreye tout bagay. Se pou li n ap viv. Genyen yon sèl Senyè: Jezikris. Se pa mwayen Jezikris tout bagay egziste. Se pa mwayen Jezikris nou gen lavi.
Se ak puisans Pitit la Bondye te kreye tout bagay ki egziste, kit sa ki nan syèl moun pa ka wè, kit sa ki sou latè moun ka wè, wa yo, gwo chèf yo, pouvwa yo, otorite yo, tout bagay nèt te fèt pa mwayen Pitit la, epi pou Pitit la.
Lafwa ede nou konprann se avèk pawòl li Bondye te kreye lemonn antye. Sa vle di bagay nou wè ak je nou jodi a soti nan bagay nou pa ka wè ak je nou.
Gade kijan Papa a renmen nou: Li rele nou pitit Bondye. Epi, se sa nou ye vre. Men, moun ki nan mond lan pa konnen nou, paske yo pa konnen Bondye.