Y ap kenbe koulèv ak men yo epi si yo bwè pwazon yo p ap gen anyen. Y ap mete men sou moun malad epi malad yo va geri.”
Jak 5:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Èske gen nan nou ki malad? Li dwe mande responsab legliz la pou l vin fè onksyon luil pou li nan non Senyè a epi priye pou li. 1998 Haïtienne Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a. |
Y ap kenbe koulèv ak men yo epi si yo bwè pwazon yo p ap gen anyen. Y ap mete men sou moun malad epi malad yo va geri.”
Yo ranmase don an epi yo konfye Banabas ak Sòl li pou pote bay lidè fanmi yo nan Jide.
Pòl ak Banabas chwazi moun ki pou sèvi kòm lidè nan chak legliz yo. Apre yo fin pase yon tan ap fè jèn epi priye pou lidè sa yo, yo remèt yo nan men Senyè a yo te mete konfyans nan li a.
Lè mesye yo rive Jerizalèm, ni apot yo, ni lidè yo ansanm ak tout legliz la nèt te byen resevwa yo. Apre sa, Pòl ak Banabas ansanm ak lòt frè yo, rakonte tout sa Bondye te pèmèt yo fè.
Papa Pibliyis te kouche malad ak la fyèv ak disantri. Pòl te antre lakay li, li priye pou li, li poze men l sou li, epi li geri l.
Pyè fè tout moun yo soti. Li mete ajenou, li priye. Apre sa, li vire fas li bò kote mò a epi li di: “Tabita, leve!” Epi dam nan louvri je li. Lè l wè Pyè, li leve chita.
Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm: