Konsa, gen twa bagay ki pèmanan: lafwa, lesperans ak lanmou. Men menm pami twa a se lanmou ki pi gran.
Jak 2:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se menm bagay ak lafwa. Si se sèlman lafwa epi pa gen anyen ankò, li pa fè anyen, se yon lafwa ki mouri. 1998 Haïtienne Se konsa tou pou lafwa nan Bondye. Si li pa manifeste nan fè sa ki byen, se yon lafwa ki mouri. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li. |
Konsa, gen twa bagay ki pèmanan: lafwa, lesperans ak lanmou. Men menm pami twa a se lanmou ki pi gran.
Menm si mwen ta fè moun ki nan bezwen kado tout byen m posede, menm si mwen ta ofri pwòp kò m pou yo fè m soufri, epi m ta santi m fyè, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa fè anyen menm.
Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.
Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.
Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.
Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa kon sa pa kapab sove pèsòn.
Yon kò moun ki pa gen souf ladan, se yon mò. Se menm bagay la pou lafwa. Yon lafwa ki pa fè anyen se yon lafwa ki mouri!