Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Ebre 3:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

pa fè tèt rèd, menm jan ak lè w te vire do bay Bondye, lè w te pwovoke l nan dezè a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l, lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

pa fè tèt nou di, jan lè yo te fè M fache a, pandan jou tribilasyon yo nan dezè a,

Gade chapit la



Ebre 3:8
28 Referans Kwoze  

Kè pèp sa vin tounen zanpoud. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande, yo fèmen je yo pou yo pa wè. Si kè yo pa t tounen zanpoud yo ta wè ak je yo, yo ta tande ak zòrèy yo, yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen, mwen ta geri yo.


Men, gen ladan yo ki t ap fè tèt di, yo te refize kwè. La devan tout moun, yo t ap di yon pakèt move pawòl konsènan Chemen Kris la. Konsa, Pòl vire do kite Jwif yo; li sèlman pran disip ki te kwè yo ansanm avèk li. Depi lè sa a, se nan lokal lekòl Tiranis la Pòl te pale ak pèp la chak jou.


Se Moyiz ki te mennen pèp la soti kite peyi Lejip. Li te fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan peyi Lejip la menm, devan lanmè wouj la, nan dezè a, pandan karant (40) ane.


Pa tante Kris menm jan avèk kèk pami yo te fè. Sa te lakòz sèpan pike yo epi yo mouri.