Ebre 3:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an. 1998 Haïtienne Frè m yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l ki pou fè l pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. |
Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj.
Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a. Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo.
Paske, si Bondye pa prezève Jwif yo, yo menm ki se vrè branch yo, ou dwe fè atansyon, paske li p ap prezève w nonplis si ou sispann kwè.
Pran prekosyon pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl pawòl, bèl diskou ki pa gen ni pye ni tèt. Bagay sa yo se ansèyman ki chita sou tradisyon moun, ki chita sou fòs sistèm panse k ap dirije mond lan. Ansèyman sa yo pa soti nan Kris.
Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.
Moun Bondye aksepte a, ap viv pa lafwa. Men mwen p ap pran plezi nan okenn moun k ap rale kò l dèyè poutèt lapèrèz.”
Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la.
Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre.
Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou.
Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou.
Konsa mwen te fache avèk yo. Mwen te di: Yo toujou ap twonpe pwòp tèt yo. Yo pa janm konprann sa m t ap tann nan men yo.
Pa gen okenn dout san Kris la ka fè plis toujou. Kris te ofri tèt li bay Bondye, pa mwayen Sentespri a ki te toujou la, tankou yon sakrifis san defo. San li ap netwaye nou nèt anba tout bagay mal nou te fè. L ap ban nou yon konsyans ki klè pou nou ka sèvi Bondye vivan an.