Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a.
Ebre 2:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Ou mete tout bagay anba kontwòl li.” Si Bondye mete tout bagay anba kontwòl li, sa vle di pa gen anyen li pa t gouvène. Poutan nou pako wè tout bagay anba kontwòl li. 1998 Haïtienne Ou mete tout bagay anba pye yo. Liv la di Bondye mete tout bagay anba pye lèzòm. Sa vle di pa gen anyen ki pa souzòd yo. Men, atout sa, nou wè koulyeya, lèzòm poko gen pouvwa sou tout bagay nèt. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen e Ou mete tout bagay anba pye li.” Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li. |
Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a.
Poutèt Jezi konnen Papa l te remèt li tout bagay, se Bondye ki te voye l epi l ap retounen jwenn Bondye,
Jan Bib la di a, “Bondye gen pou mete tout bagay anba kontwòl li.” Lè l di tout bagay anba kontwòl li klè Bondye pa fè pati tout bagay yo. Dayè se Bondye li menm k ap mete tout bagay anba kontwòl Kris la.
Bondye pa janm di okenn nan zanj yo: “Chita adwat mwen, nan plas donè a jouktan m va fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w.”
Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen.
Bondye pa chwazi zanj pou l bay gouvène mond tounèf ki gen pou vini an. Se de mond tounèf sa a n ap pale a.
Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.
Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a.
ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè. Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo.