Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




3 Jan 1:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Paske yo pati pou fè lwanj pou Kris, san yo pa aksepte anyen nan men moun ki pa kwè yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Paske, se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Paske yo te sòti pou kòz a Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo.

Gade chapit la



3 Jan 1:7
17 Referans Kwoze  

Yo va fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki voye m nan.


Lè m te nan mitan nou, m pa t janm konn anvye ni lajan, ni lò, ni bèl rad pèsonn.


M te toujou aprann nou pou n travay menm jan avè m epi pou ede moun ki nan bezwen. M te aprann nou pou n toujou sonje pawòl Senyè Jezi te di a: Gen plis benediksyon nan bay pase nan resevwa.”


Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi.


Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.


Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”


Alò, ki salè mwen? Salè mwen se pou m ofri levanjil la gratis, san m pa itilize dwa travay sa ban mwen.


Kisa m te fè pou lòt legliz yo m pa fè pou nou? Wi, yon sèl bagay: mwen pa t vle tounen yon fado pou nou nan kesyon lajan. Mwen mande padon pou sa!


Nou p ap pale moun de pwòp tèt nou. Men n ap fè moun konnen Jezikris se Senyè. Nou menm nou se sèvitè Jezi.


Se sa ki fè, Bondye leve l mete nan plas ki pi wo a epi li ba li non ki pi gran pase tout lòt non.


Mwen kontan pou m soufri pou nou. Gen anpil soufrans Kris dwe kontinye sipòte, m ap sipòte yo nan kò pa m pou Legliz la, ki se kò Kris la.


Se poutèt sa, nou ta dwe resevwa moun konsa. Lè sa a, nou vin kolaboratè avèk yo nan travay y ap fè pou verite a.


Ou gen bon pèseverans, ou soufri poutèt non mwen epi ou pa janm abandone.