Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”
2 Timote 4:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Timote, mwen priye pou Senyè a akonpanye lespri w! Se pou gras li avèk nou tout! Amèn. 1998 Haïtienne Mwen mande Senyè a pou l toujou la avèk ou. Benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou. |
Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”
Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li. Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikris, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.
Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou. Gras Senyè nou an Jezi avè n!
Gras Bondye avèk tout moun ki renmen Senyè Jezikris ak yon lanmou ki p ap janm fin i.
Mwen voye salye nou, mwen menm Pòl, ak pwòp men pa m. Sonje nan ki sitiyasyon m ap viv kòm prizonye. Gras Bondye avèk nou!
Gen moun ki panse yo genyen konesans sa a epi yo vire do bay lafwa. Gras Bondye avè w.
Salye nou youn lòt ak yon bèl akolad lè nou rankontre. Lapè Bondye avèk nou tout ki nan Kris la.