2 Timote 4:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè m te nan Twoas, mwen te kite yon manto m lakay Kapis. Lè w ap vini, pote l pou mwen. Pote liv mwen yo pou mwen tou, liv ki sou pachemen yo, se yo m bezwen. 1998 Haïtienne Lè w'ap vini, pase pran gwo manto mwen te kite lakay Kapis, lavil Twoas, pote l pou mwen. Pote Liv yo tou, espesyalman sa ki fèt ak po bèt yo. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè ou vini, pote manto ke m te kite Troas avèk Carpus la, menm ak liv yo, sitou woulo yo. |
Nou kite lavil Twoas nan batiman, nou ale tou dwat sou zile Samotras. Nan demen, nou pran direksyon lavil Neyapolis.
Sa k te fè yo plis lapenn nan, se lè Pòl di yo p ap janm wè l ankò a. Apre sa, yo kondui Pòl rive jouk sou batiman an pou di l orevwa.
Jouk jodi a, nou pa gen ase pou n manje oswa bwè. Nou pa gen ase rad pou n mete. Yo maltrete nou. Nou pa ka rete yon sèl kote.
Mwen fè travay di epi fatigan. Mwen fè plizyè nuit san dòmi. Mwen te grangou, mwen te swaf. Plizyè fwa mwen pa jwenn manje pou m manje. Mwen santi fredi san m pa gen rad pou m mete.