2 Timote 2:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Si nou pa fidèl, li menm, l ap toujou rete fidèl, paske li pa kapab nye pwòp tèt li. 1998 Haïtienne Si nou pa kenbe pawòl nou, L'ap toujou kenbe pawòl li, Bondye p'ap demanti tèt li. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si nou pa fidèl Li rete fidèl; paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.” |
Se vre, kèk nan Jwif yo pa t fidèl ak Bondye. Men èske sa ap fè Bondye pa fidèl tou nan pwomès li?
Sa pa vle di Bondye pa kenbe pwomès li te fè pèp Jwif la. Men, sa vle di, se kèk moun nan pèp Izrayèl la sèlman ki fè pati pèp Bondye a vre.
Bondye fidèl. Se li menm ki chwazi nou pou n gen menm lavi ak lavi Pitit li a, Jezikris, Senyè nou an.
Lè sa a, y ap kapab espere ale viv avèk Bondye pou tout tan. Anvan mond lan te kòmanse, Bondye te pwomèt pèp li a lavi sa a. Epi Bondye pa manti.
De bagay ki pa ka chanje: Bondye pa ka bay manti, li pa ka pa kenbe pwomès li te fè. Konsa, pou nou menm ki chache refij nan Bondye, nou ankouraje kenbe esperans nou pi fèm toujou.