Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Jan 5:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Lespri, dlo ak san, epi toulètwa temwayaj yo ale nan menm sans.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo se an akò kon youn sèl.

Gade chapit la



1 Jan 5:8
14 Referans Kwoze  

Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.


Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt.


Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen.


Men youn nan sòlda yo pike Jezi ak lans li bò kòt. Menm lè a san te soti epi dlo soti tou.


Pawòl pwofèt yo dakò ak sa m di a tou, paske men sa ki ekri:


Sentespri a kominike ak lespri pa nou pou ban nou garanti nou se pitit Bondye.


Li mete sa l sou nou pou di nou se moun pa l. Li mete Sentespri li nan kè nou tankou yon avalwa sou tout sa l gen pou ban nou.


Menm jan an tou, Jezi te soufri deyò vil la. Li mouri pou li ka fè pèp la sen ak pwòp san li.


Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun kon sa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.


Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikris te leve vivan nan lanmò.


Si nou resevwa temwayaj lèzòm, enben temwayaj Bondye a pi gran. Men temwayaj Bondye a: Li rann temwayaj pou pwòp Pitit li a.