1 Jan 5:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Moun ki kwè nan Pitit la genyen lavi, moun ki pa kwè nan Pitit la pa genyen lavi. 1998 Haïtienne Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a nonplis. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi. |
Men, tout moun ki resevwa Pawòl la, epi ki kwè nan li, li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye.
Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”
Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a.
Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo.
Konsa, nou wè m ap viv, men se pa mwen k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. M ap viv nan kò a, se paske pitit Bondye a renmen m, li bay lavi l pou mwen epi mwen mete konfyans mwen nan li.
Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an.
Nenpòt moun ki pa obeyi kòmandman Kris la, ki ale pi lwen, moun kon sa pa gen kominyon ak Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, moun sa a gen kominyon ak Papa a ansanm ak Pitit la.