Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Travay 9:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, Saul, toujou t ap respire menas ak asasina kont disip a Senyè yo, jis li rive devan wo prèt la.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men Sòl, bò pa li, pa te janm sispann fè disip Senyè yo pwomès sasinen yo. L'al jwenn granprèt la.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Pòl pa t sispann fè presyon pou l ta menm touye disip Senyè a. Konsa, l al kot pi gran sakrifikatè a,

Gade chapit la



Travay 9:1
10 Referans Kwoze  

Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo, paske fo temwen yo vin leve kont mwen, sila k ap respire vyolans yo.


e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.


Men Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.


Paske mwen se pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn pèsekite legliz Bondye a.


Paske, nou konn tande listwa a fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li.


kòm zele, yon pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.


malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans.