Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Travay 8:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Fidèl ki te gaye nan tout peyi a t'ap mache bay mesaj la toupatou.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.

Gade chapit la



Travay 8:4
8 Referans Kwoze  

Men nenpòt lè ke yo pèsekite nou nan yon vil, sove ale nan yon lòt. Paske anverite Mwen di nou, nou p ap gen tan fin pase nan tout vil Israël yo, pou lè Fis a Lòm nan vini.


jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo.


Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman.


Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou preche e enstwi pawòl Senyè a.


Saul te fin dakò nèt ak lanmò li. Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo.


Men lè yo te kwè Philippe ki t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an.


Men apre nou te deja soufri e maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.