Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”
Travay 4:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?” 1998 Haïtienne Yo fè mennen apòt yo devan yo, epi yo mande yo: — Kote n pran pouvwa pou fè bagay sa a? Ki moun ki ban nou dwa fè sa? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yo mete Pyè ak Jan kanpe nan mitan epi yo tonbe poze yo kesyon. Yo mande yo pou yo di ak ki pouvwa osinon nan non ki lès yo geri nonm kite paralize a. |
Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”
Lè Li te fin antre nan tanp lan, chèf prèt yo avèk lansyen pami pèp la te vin kote L pandan Li t ap enstwi pou mande L: “Pa ki otorite Ou fè bagay sa yo? Se kilès ki te bay ou otorite sila a?”
Yo te di L: “Pa ki otorite W ap fè bagay sa yo; oubyen kilès ki te bay Ou otorite sa a pou fè bagay sa yo?”
Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: “Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”
Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a.
kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante.
Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo.
Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo.