Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Travay 26:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Paske yo konnen mwen depi lontan, si yo dakò temwaye. Mwen te viv kon yon Farizyen, selon sèkt ki pi disipline nan tout relijyon nou an.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Yo konnen m depi lontan. Epi, si yo vle, yo ka rann temwanyaj mwen t'ap viv tankou yon farizyen. Farizyen yo se moun ki pi rèd nan relijyon nou an.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jwif sa yo konnen m depi lontan, si yo vle yo ka di w, mwen te yon bon Farizyen. Tout moun konnen Farizyen yo obeyi lalwa relijyon Jwif yo pi byen pase nenpòt lòt gwoup.

Gade chapit la



Travay 26:5
7 Referans Kwoze  

Men kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.”


“Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a.


kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.


Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou esperans nan rezirèksyon a mò yo!”


“Men sa mwen admèt a nou, ke selon Chemen an, ke yo rele yon sèkt, se vrè ke m sèvi Bondye a zansèt nou yo, e kwè tout bagay ki an akò avèk Lalwa a ak sa ki ekri nan pwofèt yo.


“Paske nou twouve nonm sila a yon vrè pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil sèkt a Nazareyen yo.