Paske mechan a ap vin ògeye sou dezi kè li a; li beni moun voras la, e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
Travay 24:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Apre Paul te fin konvoke, Tertulle te kòmanse akize l e te di a gouvènè a: “Akoz ke atravè ou menm, nou te rive gen anpil lapè, epi akoz vizyon ou menm, refòm ap fèt pou nasyon sila a, 1998 Haïtienne Yo fè rele Pòl. Lè sa a Tètilis konmanse pale, li t'ap akize Pòl konsa: — Ekselans, se ou ki fè nou gen lapè depi lontan. Se sou gouvènman ou yo fè anpil refòm nesesè pou byen peyi a, tèlman ou gen bon konprann. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yo fè Pòl vin prezante devan Feliks, epi Tètilis kòmanse akizasyon an kont Pòl ak pawòl sa yo: “Ekselans, se gras a ou menm nou genyen bonjan lapè sa a. Se gras ak sajès pa w ki fè se sou administrasyon w lan nou jwenn tout bon refòm sa yo pou nasyon an. |
Paske mechan a ap vin ògeye sou dezi kè li a; li beni moun voras la, e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
Apre senk jou wo prèt la Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a.
Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fòt, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flatè moun, pou yo kapab gen yon avantaj.