Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”
Travay 23:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?” 1998 Haïtienne Lè sa a, Pòl di li: — Ou pòtre yon miray blanchi! Se Bondye ki va frape ou. Paske ou swadizan chita sou lalwa pou jije mwen, epi se ou menm ankò k'ap vyole lalwa, lè ou bay lòd leve men sou mwen an. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè sa a, Pòl di: “Ou menm se Bondye k ap frape w! Miray blanchi! Gade w chita la pou jije m selon lalwa, epi gade w mande pou yo frape m, epi se yon bagay ki kont lalwa!” |
Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”
Anplis, mwen te wè anba solèy la ke nan plas lajistis gen mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste.
“‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
“Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”