Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.
Travay 19:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te di: “Ebyen, nan kisa konsa nou te batize?” Yo te reponn: “Nan batèm a Jean an”. 1998 Haïtienne Lè sa a, Pòl mande yo: — Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: — Batèm Jan an. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè sa a, Pòl mande yo: “Ki batèm menm nou te resevwa?” Yo reponn: “Batèm Jan t ap preche a.” |
Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.
Lè tout pèp la avèk kolektè kontribisyon yo te tande sa, yo te rekonèt jistis Bondye; akoz yo te batize avèk batèm Jean an.
Mesye sa te enstwi nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman batèm a Jean an.
Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.