Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Travay 10:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Koulye a, voye kèk moun Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Kounyeya, voye moun lavil Jope, fè y'al chache yon nonm yo rele Simon (li gen yon ti non Pyè).

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Kounye a, voye kèk moun al lavil Jope pou y al chache yon nonm yo rele Simon. Li gen yon ti non Pyè.

Gade chapit la



Travay 10:5
10 Referans Kwoze  

Simon, ki rele Pierre,


Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.


Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la.


Pou sa, voye Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’


Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl levanjil la, e vin kwè.


Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.”


Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.


Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!


Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.


Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon bòs tanè ke yo rele Simon.