Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Tit 2:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Menm jan an tou, di jenn gason yo, yo dwe byen panse sou jan y ap mennen lavi yo.

Gade chapit la



Tit 2:6
9 Referans Kwoze  

Jennonm yo te wè m, e te kache kò yo, e granmoun yo te konn leve kanpe.


ni jennonm, ni vyèj, granmoun ak timoun.


Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.


Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo, avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di: “Mwen pa pran plezi nan yo;”


Li va vin rive apre sa, ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, e granmoun nou yo va fè vizyon yo.


Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli.


Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo,


Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".


M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jenn nonm yo, paske nou te vin gen viktwa la sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou ti moun yo, paske nou konnen Papa a.