Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye.
Tit 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 1998 Haïtienne Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo, Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Konsa, y ap montre jèn madanm marye yo kijan pou yo renmen mari yo ansanm ak pitit yo. |
Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye.
Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.
Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon
pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.