Sòm 9:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men SENYÈ a la jis pou tout tan; Li te etabli twòn Li pou jijman. 1998 Haïtienne (8) Men Senyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fòtèy li la pou l fè jistis. |
Avan mòn yo te vin parèt, oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a, menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.
Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou.
Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.