Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Sòm 81:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

O ke pèp Mwen an ta koute Mwen, ke Israël ta mache nan vwa Mwen yo!

Gade chapit la

1998 Haïtienne

(14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!

Gade chapit la



Sòm 81:13
8 Referans Kwoze  

Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo, e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.


Si sèlman ou te okipe kòmandman Mwen yo! Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè, e ladwati ou tankou lam lanmè yo.


Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo te fè an aryè olye yo fè devan.


“O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.


Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa, ke yo te konprann avni yo!


O ke yo ta tèlman gen yon kè nan yo pou yo ta krent Mwen e kenbe tout kòmandman Mwen yo tout tan, pou li ta kapab byen pou yo ak tout fis yo pou tout tan.