David te di a Salomon: “Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an.
Sòm 73:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men pou mwen, pye m te prèt pou glise tonbe, Pa m yo te prèt pou chape. 1998 Haïtienne Men, pye m glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe, |
David te di a Salomon: “Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an.
Pou mwen, èske plent mwen an se anvè yon nonm? Epi poukisa mwen pa ta dwe manke pasyans?
Paske Ou te delivre nanm mwen devan lanmò, zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a; mwen va satisfè avèk vizaj Ou lè m ouvri zye m.
Men pou mwen menm, lè yo te malad, rad mwen te vin twal sak; Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn, epi lapriyè m te kontinye retounen nan kè m.
Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen. Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”
Men pou mwen, pa gran lanmou dous Ou a mwen va antre lakay Ou. Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène mwen nèt an adorasyon.
Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”
Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la.
L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.